Anpil moun bwè dlo bouch yo nan Wo Delmas

0


 Anpil moun bwè dlo bouch yo  nan Wo Delmas 

Jounen vendredi 22 mas la, nan maten, yo jwenn yon dizèn moun ki mouri boule nan zòn Wo Delmas 60, 95 ak nan ri Panaméricaine nan Peytyonvil, selon dènye eleman enfòmasyon yo, se patizan chef baz Delmas 95 la " Ti Grèg " ki fè aksyon sa. 


Jan anpil nan nou souvan wè sa, Pòtoprens tounen simetyè tèlman moun ap pèdi lavi yo nan kapital peyi a. Se youn nan rezon gen moun ki prefere pa janm mete pye konsa paske yo estime vil sa make san, se pa yon kote pou moun ap viv. 


Ebyen fanmi se depi aprè chèf baz Delmas a Ti Grèg fin bwè dlo bouch li nan afwontman ak lapolis sitou popilasyon an te lapide ladan yo epi met dife sou yo. Nan ka sa, patizanl yo fè yon masak kote yo elimine yon dizèn moun aprè yo met dife sou yo, nan lanwit jedi a pou ouvri jounen vendredi 22 mas la. 


Nap raplew, aktivite yo toujou ap fonksyone ni nan Wo Delmas ak nan Petyonvil, men anpil moun kontinye ap itilize elikoptè nan zòn sa yo pou yo ka chape poul yo akoz katouch pa sispanm fè mikalaw nan zòn sa yo. Done yo fè konnen moun sa yo ap pran direksyon Sen Domeng  



Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire